Nan yon liv sou orijin prejije rasyal nan Amerik yo, Tolentino (2014) eksplike ke pakou istorik pèp ak abitan kap viv nan Amerik Latin ak Karayib la te fèt sou lobedyans separasyon klas ak ras. Selon otè a, sa te soti nan yon pwosesis ki te long epi ki te difisil anpil, ki te pèmèt yo te vin konstwi yon sosyete esklavajist ki chita sou lenjistis ak tout kalte inegalite: rasyal, politik, sosyal, ekonomik, kiltirèl, relijye, elatriye. Lè panyòl yo te premye rive nan zile Sendomeng lan nan fen kenzyèm syèk la (nan lane 1492), se Amerindyen yo ki te premye viktim prejije rasyal kolon sila yo. Daprè Tolentino (2014, 23) prejije rasyal se te fason klas ki tap domine a te eksprime konsyans sosyal li. Se yon idewoloji ke klas ki tap domine a te kreye pou li te ka toupizi klas moun ki te nan esklavaj yo. Kidonk, prejije rasyal la te vin debouche sou 2 klas ki te diferan, youn tap domine lòt (kolon ak esklav).
Lè tout popilasyon endijèn ki te nan Sendomeng lan te fin mouri, pou yo te ka kontinye eksplwate ak piye richès sou zile a, nan yon premye moman, kolon panyòl yo, aprè sa, kolon fransè yo te al pran moun nwa an Afrik apati de sa yo te rele komès triyangilè a pou yo te vann ak pou yo te fè tounen esklav nan Amerik yo soti kenzyèm rive disetyèm syèk la. Kidonk, Tolentino konsidere ke se esklavaj Amerindyen yo ak nwa Afriken yo ki te fè yo konstwi yon agiman ki te chita sou prejije rasyal. Li kore sa l di a nan tèks sa:
“Lè kolon yo te plase moun nwa yo nan degre ki pi ba nan nechèl sosyal la, prejije klas ki te kanpe kont yo a vin dedouble byen fasil an prejije rasyal. Konfizyon entansyonèl ant moun nwa epi enferyorite natirèl te mwens pase yon silojism: se te yon eksplikasyon pratik mistifikatris ki te konstwi apati diferans klè ki te genyen ant koulè po kolon yo ak koulè po moun yo te mete esklavaj yo. An reyalite, fason yo te konstwi relasyon sosyal yo nan peryòd esklavaj la pou eksplwate moun ak piye richès yo, te bay posiblite pou inegalite te ka manifeste chak jou, yon fwa ankò, inegalite sila te chita sou kesyons rasyal, kontradiksyon ant moun ki gen byen ak moun ki pa gen byen “(2014, 150, tradiksyon fransè pou ayisyen).
Kolon yo te itilize yon seri agiman rasis ki te chita sou karakteristik kòporèl pou te estriktire sosyete Sendomeng lan. Jean-Pierre (2005, 52) fè nou wè ke “kèk istoryen konsidere ke te vin gen twa (3) klas sosyal nan Sendomeng: blan, milat epi nwa – klasman sa te baze sou koulè po”. Otè a pèmèt nou konprann ke te gen yon yerachi klè nan sosyete esklavajis Sendomeng lan ant klas sosyal yo, blan yo te nan tèt nechèl la, yo te konn meprize milat ak nwa yo, epi pa pran yo pou anyen. Milat yo menm, te nan mitan nechèl la, epi yo te konn meprize nwa yo, epi yo pat pran nwa yo pou anyen tou, paske nwa yo te anba nechèl la. Jean-Pierre (2005, 59) repete yon deklarasyon ke Girod de Chantrans te fè ki ka ede nou konprann ki wòl koulè po te jwe nan koloni an:
“Nan Sendomeng, koulè blanch se yon tit ke politik ak lalwa te bay pou kòmande. Koulè nwa a se te yon bagay ki pat gen valè ditou. Bory, se te yon ansyen gouvènè jeneral nan zile a, li konfime sa: Tout blan panse ke yo te fèt pou kòmande tout moun ki pat gen chans gen menm koulè ak yo; yo gade tèt yo tankou yon senyè: yon bò, sa te vin fè kwè ke yo gen yon pouvwa san limit, e nan lòt bò a, vin gen yon degradasyon total. Avantaj ke koulè po blanch lan te genyen te klè kwè yon dlo kokoye, sa fè prejije rasyal kont koulè nwa te rive kontamine milat yo (…) “.
Apre Revolisyon ayisyèn nan, nan lane 1804, milat yo tap lite pou te ka pran plas ansyen kolon yo, yo tap chèche repwodui dominasyon kolonyal la sou yon lòt fòm (Denis, Duvalier, 1948). Nan sans sa, Dorlin (2006), Bonniol (2007) ak Tolentino (2014) konsidere esklavaj la kòm bagay ki vin debouche sou inegalite rasyal ant blan ak nwa. Daprè agiman otè sa yo, moun kite an favè esklavaj la, pou yo te jistifye pozisyon nwa yo te okipe nan sistèm esklavajist la, yo te di se paske nwa fèt tou enferyè. Kidonk, li natirèl pou blan domine nwa yo. Se menm prejije koulè sa ki te vin debouche sou rasis la.
Nan sa ki gen pou wè ak bagay sila yo, Memmi (1993) montre ke prejije koulè te baze sou yon biologisme grossier. Kidonk, diskou rasis yo pat gen okenn baz syantifik. Malgre ke anpil otè – tankou Firmin (1885), Price (1898), Price-Mas, (1928), Fanon, (1952), Memmi, (1993), elatriye – demontre ke diskou rasis la pa gen konsistans lojik ak istorik e li pa ni chita sou anyen, li pat gen koyerans antanke «panse». Men sa pa anpeche ke panse sa yo kontinye prezan nan tout relasyon sosyal, prensipalman nan sosyete ki te soufri kolonizasyon yo. Youn nan rezilta ke sa bay, se anpil moun nwa ki rive ap meprize epi devalorize lòt moun, epi menm devalorize pwòp tèt yo.
Nan yon analiz sou enpak kolonizasyon genyen nan sosyete ayisyèn nan, Hurbon ak Hector (2008, 23) idantifye ke gen:
“[..] obstak anndan sosyete ayisyèn nan ki gen rapò avèk divès gwoup etnik afriken ki rasanble pou vin fòme yon pèp, men yon fwa yo te fin batay epi fè kolon blan yo disparét nan tèritwa a, yo te toujou sonje orijin afrikèn, nan yon fason trè frèch. Men tou, yerachi rasyal (Blan / Milat / Nwa) ki te genyen nan sosyete esklajist la kite tras ak yon ansanm de chòk dirab ki vin gen anpil konsekans sou oryantasyon Leta ayisyen an”.
Afimasyon Hurbon ak Hector pa kite dout ke tras pase kolonyal yo aji avèk fòs sou estrikti sosyete ayisyèn an. Jean-Pierre (2005, 60) fè konnen ke depi nan lane 1790, “koulè po se te senbòl distenksyon sosyal, senbòl merit depi nan nesans, senbòl onè e menm fòtin; se konsa ke yon nèg, menm si li ta yon jeni, li ta gen tout entèlijans ki te ka egziste, li ta gen tout lò ki gen nan zantray latè, menm nan je yon ti blan ki pi nil, ki pi pòv e pi sòt la, li pap janm anyen ke yon vye esklav, yon nonm nwè”. Lè n ap obsève sèjousi fenomèn chanje koulè po a ke anpil moun nwa ap pratike nan yon pakèt kote nan mond lan, nou ka afime ke vye reprezantasyon negatif, devalorizan, pejoratif, rasis ke sistèm esklavajis la kite a kontinye ap fè chemen l.
Pou rezon sa a, nou konsidere ke chanje koulè po a kòm youn nan mwayen ki pi vizib epi pi konplèks nan entèrnalizasyon ak repwodiksyon rasis estriktirèl kontanporen an. Epitou, sa reprezante yon defi pou moun kap goumen kont rasis, espesyalman pou mouvman kap defann bote nwa, kap lite pou yo ka valorize karakteristik moun nwa yo, anmenm tan kap lite pou ka fè moun nwa renmen tèt yo. Nan pwen sila, nou fè referans, pa egzanp, ak yon mouvman tankou Black is Beautiful (nwa bèl). Se yon mouvman Afroameriken ki te kreye nan lane 1960 yo. Aktè mouvman sila egzije pou rekonèt bote afroameriken yo, an menm tan, yo konteste estetik ki predomine nan endistri kiltirèl rasis Oksidantal la. Epi tou, yo toujou ap ankouraje lòt fason pou yo konprann estetik moun yo te neglije ak eskli, depi plizyè syèk pou koulè po yo ak lòt karakteristik nan panteyon bote a (Bispo, 2006, 1).
Nan ka Ayiti a, nou ka konsidere chanje koulè po a kòm yon tantativ pou voye jete imajinè sosyal pozitif ke gran lidè ayisyen yo te goumen pou kite (libète, egalite, onè, respè ras nwa) pou ayisyen ak pèp nwa an jeneral. An reyalite, moun yo kap chanje koulè po yo a ap tante efase karakterisrik ki pizib nan kò yo. Lefèt ke kèk Ayisyen ak ayisyèn ap itilize pwodwi pou dekale po yo, sa sanble yon kontrepwen enpòtan, paske sa revele yon dimansyon nan sosyete ayisyèn nan, ki (re)konfigire nan yon fason yerachize, kote moun ki gen po klè lokalize nan tèt nechèl sosyal la (Hurbon ak Hector, 2008, Jean-Pierre, 2005, Labelle, 1987). Epi anvi pou kèk moun nwa ranvèse pozisyon sosyal enferyè a eksprime senbolikman nan chanje koulè po yo. Nan lòt mo, chanjman koulè a eksprime oswa koresponn ak tansyon ki egzite nan mitan gwoup sosyal nan sosyete ayisyèn nan (moun ki gen po klè nan tèt nechèl la epi majorite moun nwa anba nechèl la). Konsa, nou ka konprann ke zak pou dekale kouch nwa ki sou kò a kòm yon tandans ki fè kwè, nan imajinè moun sila yo, mobilite ak entegrasyon sosyal depann de koulè po yo.
Jouk nan fen ventyèm syèk la, daprè Labelle (1987 [1978]), gen po klè nan peyi Dayiti se te yon senbòl siksè (ekonomik, sosyal, kiltirèl, elatriye). Paske nan anpil kategori sosyal, aparans fizik te gen yon gran relasyon avèk estati sosyo-ekonomik yon moun. Sa vle di ke te gen yon kokennchenn karakteristik kòporèl ki pèmèt yo ka idantifye manm ki klas sosyal yon moun ye. Nou ka konsidere sou koulè po, kalite cheve, elatriye. Nan yon bò, pou yo idantifye yon moun kòm yon manm nan boujwazi a, li te nesesè pou li te gen po klè ak bon cheve. Yo konsidere cheve sila siperyè paske li long, swa epi li soup. Nan lòt bò a, gen koulè nwa, epi gen move cheve (yon cheve ki kout, frize) endike ke yon moun fè pati klas ki pi ba a (Labelle, 1987, 67).
Nan yon analiz sou fenomèn chanjman koulè po nan kòmansman venteyinyèm syèk la, Bordeleau (2012, 19) fè konnen ke sosyete ayisyèn nan konstwi sou rasin kolonyal l yo, kote yo bay po klè anpil valè epi yo pa bay po nwa okenn valè. Etandone ke yo bay koulè blanch lan anpil valè istorikman yo devalorize koulè nwa a, sa vin fè anpil moun ta renmen gen yon po klè. Se poutèt sa, chanje koulè po a parèt kòm yon mwayen itilize, se pa sèlman pou chache gen yon bote ideyal, men tou, pou moun ka afime tèt yo kòm sila ki merite respè ak rekonesans sosyal.
Malgre distans ki separe analiz Labelle la ak pa Bordeleau a, nou remake ke tou de (2) otèz sa yo pèmèt nou konprann difikilte ki genyen pou konbat prejije istorik ki baze sou koulè po a. Analiz yo a ranfòse agiman nou an, lè nou konsidere chanje koulè po kòm yon bagay ki soti nan estrikti sosyal la, epi ki gen relasyon ak kolonizasyon ke Ayiti te soufri a.