Kòmansman yon refleksyon sou fenomèn chanje koulè a an ayiti

Frantz Rousseau DÉUS

Lisanye nan Syans Sosyal epi Bachelye nan Sosyoloji
Universidade Estadual de Campinas (UNICAMP)

Etidyan metriz nan Syans Sosyal
Universidade Federal de São Paulo (UNIFESP)

Bousye
Coordenação de Aperfeiçoamento de Pessoal de Nível Superior (Capes)

Référence électronique

Déus F.R., (2018). « Kòmansman yon refleksyon sou fenomèn chanje koulè a an ayiti », [En ligne] La Peaulogie 1, mis en ligne le 01 juillet 2018, URL : http://lapeaulogie.fr/komansman-yon-refleksyon-sou-fenomen-chanje-koule-a-an-ayiti/

Rezime

Chanje koulè po oubyen ankò “dekale po” se yon fenomèn ki egziste anpil kote nan lemonn, sitou: an Afrik, Ewop, nan Mwayenoryan ak nan Karayib la (M’bemba N’doumba, 2004, Petit, 2006, Bordeleau 2012; Nguimbus, 2013). Ayiti se youn nan peyi kote anpil moun itilize pwodwi  pou chanje koulè po yo. Nan atik sa a, nou reflechi sou fenomèn chanje koulè po an Ayiti, kote nou chache konnen ki rezon ki pouse moun fè pratik sila. San nou pa inyore patisipasyon estereyotip ki defini bèl moun nan sosyete oksidantal yo ki gendwa pouse kèk moun nwa chanje koulè yo, nou pati ak ipotèz ke sosyete ayisyèn nan  konstwi sou valorizasyon moun wouj (po klè), epi devalorizasyon moun nwa yo. Sa lakoz anpil ayisyen nwa santi yo pa bèl ak koulè po yo a. Yo santi yo pa kadre ak moun yo di ki bèl nan sosyete ayisyèn nan. Kidonk, yo anvi sanble ak moun po klè yo valorize yo epi ki konsidere kòm moun ki bèl yo. Nan sans sa a, pou nou abòde sijè sila a, nou apiye sou kèk travay akademik ki diskite plizyè tematik, tankou: prejije koulè, chanje koulè po, rasis, modèl bote ak kritè yo itilize pou klasifye moun sosyalman (karakteristik kòporèl). Refleksyon nou an baze sou analiz dokimantè, pwopagann piblisite kap fè pwomosyon pou pwodwi pou moun dekale po yo an Ayiti, yon repòtaj televize ak atik jounal ki atire atansyon ayisyen sou fenomèn chanje koulè po a.

Mo kle

chanje koulè po, modèl bote, prejije koulè

Entrodiksyon

Chanje koulè po se yon pratik nou jwenn prensipalman nan peyi kite kolonize yo. Kidonk, se yon pratik moun nan chwazi fè san pèsonn pa fòse li (Petit 2006,6; Bordeleau, 2012,11; Nguimbus, 2013,41). Dapre Bordeleau, moun nwa ki itilize pwodui pou chanje koulè po yo, se pou yo ka vin sanble ak moun po klè yo.

Fenomèn[1]sila gen plizyè non. Nan peyi Dayiti, li pote yon pakèt non, ki menm devalorize moun ki fè pratik sila. Pou jounal Le Nouvelliste (2006,a), nan langaj kouran yo rele moun sa yo: Bòdifil, grimo, grimèl, ansyen black, boby-store, doukoman. Pil non diskriminatwa sa yo ke yo itilize pou idantifye moun sa yo, se yon fason pou sosyete ayisyèn lan moutre dezakò li ak pratik sila, paske dimansyon fenomèn sila pran nan sosyete a atire opinyon piblik la. Petit (2007) te analize fenomèn sa nan kèk peyi an Afrik, li te jwenn ke anpil moun pat gade fenomèn sila byen, yo bay 2 rezon pou sa: premye a se problèm sante (sa vle di chanje koulè a ka lakòz moun fè kansè nan po); dezyèm rezon an, se pou kesyon ideyolojik (moun ki fè pratik sila yo ap voye jete karateristik kòporèl ki gen rapò ak moun nwa, epi moun sa yo vin depann de modèl bote ke ansyen kolon yo te enplante). Nan atik jounal nou te fouye yo, nou jwenn espesyalis ayisyen nan maladi po yo, pa janm rate chans pou fè moun yo konnen move konsekans pwodwi moun ap itilize pou chanje koulè yo ka gen sou sante yo.

Yon lòtbò, moun ki rete soude ak orijin afrikèn yo kondane pratik sa epi konsidere li tankou yon zak trayizon ak valè afrikèn nou yo, epi ak karakteristik nwa yo (Le Nouvelliste, 2014).

Lè nap konsidere evolisyon pratik sila pran nan sosyete ayisyèn nan, nou gen misyon nan atik  sa kòmanse yon analiz[2] sou fenomèn sa nan sosyete ayisyèn nan. Lè nou ap gade foto kèk moun kap dekale po yo kap sikile sou rezo sosyal yo; lè nou ap gade kijan pwodui sa yo ap vann pa pil e pa pakèt sou mache ayisyen an; nou deside pou nou abòde problèm sa a (Le Nouvelliste, 2012, 2014, 2016a, 2016b) epi kèk  program nan televizyon atire atansyon sosyete a sou fenomèn sa. Nan sans sa, nou ap trete problèm sa, tankou yon defi ki egziste anndan sosyete ayisyèn nan ant moun nwa ak milat[3] ki gen orijin nan lakolonizasyon an. Anmenmtan, nou konsidere ke kwasans pratik sila gen rapò ak defi pou yo konstwi yon modèl bote ki anbwase diferans ak/oswa divèsite san yo pa fè yon yerachizasyon abitrè ki baze sou koulè po a ak lòt karakteristik kòporèl.

San nou pa inyore wòl estereyotip ke sosyete oksidantal yo itilize pou karakterize “yon bote ideyal” nan fenomèn dekale po a; nou pati ak ipotèz ke sosyete ayisyèn konstwi sou yon baz kote yo valorize moun ki gen po klè epi yo devalorize moun ki gen po nwa, kidonk, yo konsidere moun ki bèl se moun po wouj oubyen ki gen plis resanblans ak moun po blanch yo. Lide sila se yon bon kòmansman pou nou ka konprann sa ki lakoz anpil ayisyen gen yon santiman ki fè yo santi ke yo pat dwe nwa, epi ki fè yo pa aksepte koulè po yo, sa vin ba yo anvi pou apwoche pi pre koulè ke yo valorize a, ke yo konsidere kòm senbòl bote ideyal la. Nan sans sa, chanje koulè po a vin tounen yon fason pou moun nan ka fè wè li bèl.

Nan yon rechèch sou fanm ayisyèn kap viv nan peyi Kanada, Bordeleau (2012) konsidere ke kontèks sosyal ak ekonomik peyi Kanada a bay fanm ayisyèn ki nan peyi sila anvi pou yo apwoche pi pre modèl bote nòameriken an. Nan sans sa, itilize pwodui pou chanje koulè po yo tounen yon fason pou reyalize rèv sila. Daprè Bordeleau, yo fè pratik sa anpil nan sosyete ayisyèn nan. Konsa, fanm ayisyèn ki Kanada yo sèlman profite kontèks jewografik ak kondisyon klimatik la pou yo lage kò yo nan pratik sila. Malgre Bordeleau (2012) fè nou konnen ke fenomèn chanje koulè po a trè frekan an Ayiti; men nou pa jwenn travay akademik ak syantifik sou sijè sila. Lè nou konsidere Ayiti antanke premye peyi nwa ki te pran lendepandans li nan tan modèn nan, epi gwo wòl li te jwe pou te kontrekare inegalite rasyal ki te prezan nan mond lan, nou estime yon refleksyon sou fenomèn sa kapab kontribiye nan deba kap fèt sou chanje koulè po a.

Selon Tolentino (2014) inegalite ant ras yo kòmanse ak sistèm esklavaj la, e tras sistèm sila estriktire sosyete ayisyèn nan ( Labelle 1987; Jean-Pierre, 2005; Bordeeleau, 2012; Hurbon ak Hector, 2008). Nan sans sa, chache konnen sous fenomèn sa nan peyi Dayiti egzije pou nou ta kesyone eritaj ak konsekans kolonizasyon an kite sou lavi kounya nan sosyete sila.

Dorlin (2006) nan “Matrice de la race’’ pote limyè sou estereyotip ki baze sou ras ak sèks. Nan fason Lafrans te konn fè promosyon pou yo,  lè li te angaje li nan esklavaj ak kolonizasyon. Otèz la fè nou wè ke soti XVIIe rive XIX syèk la, reprezantasyon ke yo te fè sou nasyon fransèz la,  se ke yo te konsidere li kòm yon manman, sa vle di yo fanm blanch (une mère blanche) yo te wè li kòm yon bon bagay, yon bagay ki beni, men ki te opoze ak tout lòt modèl feminite, tankou fanm nwa ke yo te konsidere kòm move bagay, kòm bagay ki sal, elatriye. Dorlin soulinye ke pandan XVIIe syèk la, diskou medsen yo ta konsidere kò fanm yo kòm yon kò ki malad. Yo te itilize reprezantasyon sila pou te moutre ak jistifye inegalite ki genyen ant 2 sèks yo.

Avèk kolonizasyon an, menm lide ki te fè wè gen diferans ant sèks yo se menm lide sa ki fè wè gen diferans ant ras yo, kidonk jwèt la se te lejitime lide ki fè kwè ke gen diferans ant ras epi moutre yo pat egal. Otèz la esplike ke nan Amerik, premye natiralis yo te baze sou diferans sèksyèl pou bati nosyon ras la, konsidere moun ki tap viv nan Karayib la (Amerendyen yo) ak moun yo te pran an Afrik pote an Amerik yo tankou moun ki malad nan tanperaman, epitou ki te fèb.

Sou kesyon sila, Colette Guillaumin (1978) note ke nosyon ras ak sèks ki te parèt nan mond Oksidantal la pat sèlman yon bagay pou te devalorize ak agrese moun, men tou li te gen rapò ak pratik pouvwa epi ak dominasyon (Guillaumin, 1978; Naudier, Soriamos, 2010,194.).

Depi nan transpòte moun soti an Afrik pou mennen yo an Amerik, yo te konstwi yon reprezantasyon negatif sou moun nwa yo, sa ki te pral make tout esfè nan sosyete sila yo, epi tou, sa ta pral make tout fòm relasyon sosyal ki etabli anndan sosyete sa yo avèk desandan afriken yo, prensipalman nan sosyete ki soti anba jouk kolonizasyon epi tou  peyi kolonizatè yo.

Nan tèks sa, nou propoze pou nou reflechi sou fenomèn chanje koulè po nan sosyete ayisyèn lan, pandan nap chache rezon ki pouse yon moun dekale po li. Refleksyon nou an pral chache reponn kesyon sa yo: poukisa yon ayisyen ki gen po nwa chanje koulè li ? Kisa ki ka esplike rezon ki pouse yon moun nwa mete sante li an danje nan itilize pwodui kosmetik ak lòt mwayen pou chanje koulè po li?

Pou nou ka reponn ak kesyon nou poze yo, nou pral analize : a)  Atik ki pibliye nan kèk jounal an Ayiti sou chanje koulè po, ki moutre fason dèmatològ, sosyològ, jounalis ak profesè wè kesyon sila b) yon repòtaj ki fèt nan yo program televize ki disponib sou YouTube, ki prezante eksperyans yon moun ki te konn sèvi ak pwodui pou dekale po li. c) kèk propagann piblisite sou pwodui pou chanje koulè, tankou savon papay. Analiz nou an pral chita sou yon apròch sosyo-istorik de pwoblematik chanje koulè po a, kote nou pral kesyone enpak kolonizasyon an, ak enfliyans modèl bèl moun ke sosyete oksidantal ofri kòm bote ideyal sou peyi ki te kolonize yo, prensipalman Ayiti. Pou nou fini, nou mobilize yon ansanm tewori ki abòde sijè sila yo: prejije koulè, rasis, bote ideyal, propagann piblisite, chanje koulè po, elatriye. Atik la pral prezante konsa : 1) Pwosesis rasizasyon nan listwa peyi Dayiti; 2. Pwopagann piblisite an Ayiti: yon ajisteman nan prejije istorik baze sou koulè pó; 3. Moun kap itilize pwodwi pou chanje koulè po yo: yon defi pou sedwi moun; 4. Kritik intelligentsia ayisyèn nan moman sa sou fenomèn chanje koulè po a: kesyon politik; 5. Pwen de vi dèmatològ yo sou chanjman koulè po a an Ayiti: sa ki gen pou wè ak lasante

1. Pwosesis rasizasyon nan listwa peyi Dayiti

Nan yon liv sou orijin prejije rasyal nan Amerik yo, Tolentino (2014) eksplike ke pakou istorik pèp ak abitan kap viv nan Amerik Latin ak Karayib la te fèt sou lobedyans separasyon klas ak ras. Selon otè a, sa te soti nan yon pwosesis ki te long epi ki te difisil anpil, ki te pèmèt yo te vin konstwi yon sosyete esklavajist ki chita sou lenjistis ak tout kalte inegalite: rasyal, politik, sosyal, ekonomik, kiltirèl, relijye, elatriye. Lè panyòl yo te premye rive nan zile Sendomeng lan nan fen kenzyèm syèk la (nan lane 1492), se Amerindyen yo ki te premye viktim prejije rasyal kolon sila yo. Daprè Tolentino (2014, 23) prejije rasyal se te fason klas ki tap domine a te eksprime konsyans sosyal li. Se yon idewoloji ke klas ki tap domine a te kreye pou li te ka toupizi klas moun ki te nan esklavaj yo. Kidonk, prejije rasyal la te vin debouche sou 2 klas ki te diferan, youn tap domine lòt (kolon ak esklav).

Lè tout popilasyon endijèn ki te nan Sendomeng lan te fin mouri, pou yo te ka kontinye eksplwate ak piye richès sou zile a, nan yon premye moman, kolon panyòl yo, aprè sa,  kolon fransè[4] yo te al pran moun nwa an Afrik apati de sa yo te rele komès triyangilè a pou yo te vann ak pou yo te fè tounen esklav nan Amerik yo soti kenzyèm rive disetyèm syèk la. Kidonk, Tolentino konsidere ke se esklavaj Amerindyen yo ak nwa Afriken yo ki te fè yo konstwi yon agiman ki te chita sou prejije rasyal. Li kore sa l di a nan tèks sa:

“Lè kolon yo te plase moun nwa yo nan degre ki pi ba  nan nechèl sosyal la, prejije klas ki te kanpe kont yo a vin dedouble byen fasil an prejije rasyal. Konfizyon entansyonèl ant moun nwa epi enferyorite natirèl te mwens pase yon silojism: se te yon eksplikasyon pratik mistifikatris ki te konstwi apati diferans klè ki te genyen ant koulè po kolon yo ak koulè po moun yo te mete esklavaj yo. An reyalite, fason yo te konstwi relasyon sosyal yo nan peryòd esklavaj la pou eksplwate moun ak piye richès yo, te bay posiblite pou  inegalite te ka manifeste chak jou, yon fwa ankò, inegalite sila te chita sou kesyons rasyal, kontradiksyon ant moun ki gen byen ak moun ki pa gen byen “(2014, 150, tradiksyon fransè pou ayisyen[5]).

Kolon yo te itilize yon seri agiman rasis ki te chita sou karakteristik kòporèl pou te estriktire sosyete Sendomeng lan. Jean-Pierre (2005, 52) fè nou wè ke “kèk istoryen konsidere ke te vin gen twa (3) klas sosyal nan Sendomeng: blan, milat epi nwa – klasman sa te baze sou koulè po”. Otè a pèmèt nou konprann ke te gen yon yerachi klè nan sosyete esklavajis Sendomeng lan ant klas sosyal yo, blan yo te nan tèt nechèl la, yo te konn meprize milat ak nwa yo, epi pa pran yo pou anyen. Milat yo menm, te nan mitan nechèl la, epi yo te konn meprize nwa yo, epi yo pat pran nwa yo pou anyen tou, paske nwa yo te anba nechèl la. Jean-Pierre (2005, 59) repete yon deklarasyon ke Girod de Chantrans te fè ki ka ede nou konprann ki wòl koulè po te jwe nan koloni an:

“Nan Sendomeng, koulè blanch se yon tit ke politik ak lalwa te bay pou kòmande. Koulè nwa a se te yon bagay ki pat gen valè ditou. Bory, se te yon ansyen gouvènè jeneral nan zile a, li konfime sa: Tout blan panse ke yo te fèt pou kòmande tout moun ki pat gen chans gen menm koulè ak yo; yo gade tèt yo tankou yon senyè: yon bò, sa te vin fè kwè ke yo gen yon pouvwa san limit, e nan lòt bò a, vin gen yon degradasyon total. Avantaj ke koulè po blanch lan te genyen te klè kwè yon dlo kokoye, sa fè prejije rasyal kont koulè nwa te rive kontamine milat yo (…) “.

Apre Revolisyon ayisyèn nan, nan lane 1804, milat yo tap lite pou te ka pran plas  ansyen kolon yo, yo tap chèche repwodui dominasyon kolonyal la sou yon lòt fòm (Denis, Duvalier, 1948). Nan sans sa, Dorlin (2006), Bonniol (2007) ak Tolentino (2014) konsidere esklavaj la  kòm bagay ki vin debouche sou inegalite rasyal ant blan ak nwa. Daprè agiman otè sa yo, moun kite an favè esklavaj la, pou yo te jistifye pozisyon nwa yo te okipe nan sistèm esklavajist la, yo te di se paske nwa fèt tou enferyè. Kidonk, li natirèl pou blan domine nwa yo. Se menm prejije koulè sa ki te vin debouche sou rasis la.

Nan sa ki gen pou wè ak bagay sila yo, Memmi (1993) montre ke prejije koulè te baze sou yon biologisme grossier. Kidonk, diskou rasis yo pat gen okenn baz syantifik. Malgre ke anpil otè – tankou Firmin (1885), Price (1898), Price-Mas, (1928), Fanon, (1952), Memmi, (1993), elatriye – demontre ke diskou rasis la pa gen konsistans lojik ak istorik e li pa ni chita sou anyen, li pat gen koyerans antanke «panse». Men sa pa anpeche ke panse sa yo kontinye prezan nan tout relasyon sosyal, prensipalman nan sosyete ki te soufri kolonizasyon yo. Youn nan rezilta ke sa bay, se anpil moun nwa ki rive ap meprize epi devalorize lòt moun, epi menm devalorize pwòp tèt yo.

Nan yon analiz sou enpak kolonizasyon genyen nan sosyete ayisyèn nan, Hurbon ak Hector (2008, 23) idantifye ke gen:

“[..] obstak anndan sosyete ayisyèn nan ki gen rapò avèk divès gwoup etnik afriken ki rasanble pou vin fòme yon pèp, men yon fwa yo te fin batay epi fè kolon blan yo disparét nan tèritwa a, yo te toujou sonje orijin afrikèn, nan yon fason trè frèch. Men tou, yerachi rasyal (Blan / Milat / Nwa) ki te genyen nan sosyete esklajist la kite tras ak yon ansanm de chòk dirab ki vin gen anpil konsekans sou oryantasyon Leta ayisyen an”.

Afimasyon Hurbon ak Hector pa kite dout ke tras pase kolonyal yo aji avèk fòs sou estrikti sosyete ayisyèn an. Jean-Pierre (2005, 60) fè konnen ke depi nan lane 1790, “koulè po se te senbòl distenksyon sosyal, senbòl merit depi nan nesans, senbòl onè e menm fòtin; se konsa ke yon nèg, menm si li ta yon jeni, li ta gen tout entèlijans ki te ka egziste, li ta gen tout lò ki gen nan zantray latè, menm nan je  yon ti blan ki pi nil, ki pi pòv e pi sòt la, li pap janm anyen ke yon vye esklav, yon nonm nwè”. Lè n ap obsève sèjousi fenomèn chanje koulè po a ke anpil moun nwa ap pratike nan yon pakèt kote nan mond lan, nou ka afime ke vye reprezantasyon negatif, devalorizan, pejoratif, rasis ke sistèm esklavajis la kite a kontinye ap fè chemen l.

Pou rezon sa a, nou konsidere ke chanje koulè po a kòm youn nan mwayen ki pi vizib epi pi konplèks nan entèrnalizasyon ak repwodiksyon rasis estriktirèl kontanporen an. Epitou, sa reprezante yon defi pou moun kap goumen kont rasis, espesyalman pou mouvman kap defann bote nwa, kap lite pou yo ka valorize karakteristik moun nwa yo, anmenm tan kap lite pou ka fè moun nwa renmen tèt yo. Nan pwen sila, nou fè referans, pa egzanp, ak yon mouvman tankou Black is Beautiful (nwa bèl). Se yon mouvman Afroameriken ki te kreye nan lane 1960 yo. Aktè mouvman sila egzije pou rekonèt bote afroameriken yo, an menm tan, yo konteste estetik ki predomine nan endistri kiltirèl rasis Oksidantal la. Epi tou, yo toujou ap ankouraje lòt fason pou yo konprann estetik moun yo te neglije ak eskli, depi plizyè syèk pou koulè po yo ak lòt karakteristik nan panteyon bote a (Bispo, 2006, 1).

Nan ka Ayiti a, nou ka konsidere chanje koulè po a kòm yon tantativ pou voye jete imajinè sosyal pozitif ke gran lidè[6] ayisyen yo te goumen pou kite (libète, egalite, onè, respè ras nwa) pou ayisyen ak pèp nwa an jeneral. An reyalite, moun yo kap chanje koulè po yo a ap tante efase karakterisrik ki pizib nan kò yo. Lefèt ke kèk Ayisyen ak ayisyèn ap itilize pwodwi pou dekale  po yo, sa sanble yon kontrepwen enpòtan, paske sa revele yon dimansyon nan sosyete ayisyèn nan, ki (re)konfigire nan yon fason yerachize, kote moun ki gen po klè lokalize nan tèt nechèl sosyal la (Hurbon ak Hector, 2008, Jean-Pierre, 2005, Labelle, 1987). Epi anvi pou kèk moun nwa ranvèse pozisyon sosyal enferyè a eksprime senbolikman nan chanje koulè po yo. Nan lòt mo, chanjman koulè a eksprime oswa koresponn ak tansyon ki egzite nan mitan gwoup sosyal nan sosyete ayisyèn nan (moun ki gen po klè nan tèt nechèl la epi majorite moun nwa anba nechèl la). Konsa, nou ka konprann ke zak pou dekale kouch nwa ki sou kò a kòm yon tandans ki fè kwè, nan imajinè moun sila yo, mobilite ak entegrasyon sosyal depann de koulè po yo.

Jouk nan fen ventyèm syèk la, daprè Labelle (1987 [1978]), gen po klè nan peyi Dayiti se te yon senbòl siksè (ekonomik, sosyal, kiltirèl, elatriye). Paske nan anpil kategori sosyal, aparans fizik te gen yon gran relasyon avèk estati sosyo-ekonomik yon moun. Sa vle di ke te gen yon kokennchenn karakteristik kòporèl ki pèmèt yo ka idantifye manm ki klas sosyal yon moun ye. Nou ka konsidere sou koulè po, kalite cheve, elatriye. Nan yon bò, pou yo idantifye yon moun kòm yon manm nan boujwazi a, li te nesesè pou li te gen po klè ak bon cheve.  Yo konsidere cheve sila siperyè paske li long, swa epi li soup. Nan lòt bò a, gen koulè nwa, epi gen move cheve (yon cheve ki kout, frize) endike ke yon moun fè pati klas ki pi ba a (Labelle, 1987, 67).

Nan yon analiz sou fenomèn chanjman koulè po nan kòmansman venteyinyèm syèk la, Bordeleau (2012, 19) fè konnen ke sosyete ayisyèn nan konstwi sou rasin kolonyal l yo, kote yo bay po klè anpil valè epi yo pa bay po nwa okenn valè. Etandone ke yo bay koulè blanch lan anpil valè istorikman yo devalorize koulè nwa a, sa vin fè anpil moun ta renmen gen yon po klè. Se poutèt sa, chanje koulè po a parèt kòm yon mwayen itilize, se pa sèlman pou chache gen yon bote ideyal, men tou, pou moun ka afime tèt yo kòm sila ki merite respè ak rekonesans sosyal.

Malgre distans ki separe analiz Labelle la ak pa Bordeleau a, nou remake ke tou de (2) otèz sa yo pèmèt nou konprann difikilte ki genyen pou konbat prejije istorik ki baze sou koulè po a. Analiz yo a ranfòse agiman nou an, lè nou konsidere chanje koulè po kòm yon bagay ki soti nan estrikti sosyal la, epi ki gen relasyon ak kolonizasyon ke Ayiti te soufri a.

2. Pwopagann piblisite an Ayiti: yon ajisteman nan prejije istorik baze sou koulè po

Baze sou konsiderasyon ke nou te fè sou kesyon koulè pandan kolonizasyon an, epi lè nou konstate fenomèn dekale po a nan sosyete ayisyèn nan jounen jodi a, fenomèn sila fè nou konprann ke prejije koulè a toujou egziste. Li parèt aklè nan piblisite yo fè pou yo ka vann  pwodwi kosmetik pou moun chanje koulè yo. Pou nou ka demontre sa, nou pral analize yon pwopagann piblisite ke yo te fè pou yo ka vann yon savon, ki rele Savon Papay[7]. Se gwoup “Sekrè Ayisyen” ki te pibliye propagann sila sou Youtube nan dat ki te 19 fevriye 2015, epi yo te pibliye l tou sou yon paj Facebook ® nan menm dat sa.

Anvan nou kòmanse analize pwopagann piblisite yo, li enpòtan pou nou fè yon ti limyè sou fason yo te wè koulè blanch ak koulè nwa nan listwa. Emeriau (2009, 113) baze sou sa Zahan (1990) te ekri, pou li te esplike ke “gen yon fason ke moun wè chak koulè ki egziste. Epi tou, chak popilasyon kap viv gen yon jan yo wè koulè yo, sa depan de sans ak sinyifikasyon yo bay chak koulè sosyalman. Gen koulè yo itilize pou endike sa ki negatif, genyen yo itilize tou pou sa ki pozitif”.  Delporte (2006, 70), bò kote pa li, fè yon analiz sou mannyè yo te konn fè pòtrè yon seri militè senegalè nan peyi Lafrans pandan De (2) Gè Mondyal yo, li eksplike tou kijan nan listwa, nan pwopagann piblisite yo, yo te toujou asosye nwa ak sa ki sal, epi blan ak sa ki pwòp. Otè a dekri twa kalite pòtrè moun nwa yo te konn fè nan epòk nap pale la a, premye a: se te pou valorize pwodiksyon kolonyal yo, dezyèm nan se te pou rabese imaj Lafrik ak tout afriken yo, yo te montre yon Afrik  sovaj, chimerik, ekzotik, kote moun yo pat sivilize. Finalman, nan twazyèm pòtrè a, yo pran nwa afriken an pou l ka fè pwomosyon pou yon bann pwodwi ki pat gen okenn rapò ak Lafrik. Sa vle di, yo te konn sèvi ak imaj nwa a pou yo valorize koulè blanch lan, pandan tan sa a, yo te toujou asosye koulè nwa ak sa ki sal.

Yo te pran yon bann vye karakteristik makawon pou fè pòtrè moun nwa yo. Yo te konn dekri yo konsa:”lèv yo gen koulè wouj ki sanble avèk san, bouch yo te gwo, epi li te toujou louvri byen laj, yo te toujou ap fè grimas, anpil fwa lang yo te konn pandye, yo te konn ap ri tankou yon bann kanivò, yo te gen 2 gwo boul je blanch,  yo te sanble ak djab, anplis yo te sanble ak yon bann vye kanibal ansyen”(Delporte, 2006, 76). Daprè Delporte, lè yo te konn fè pòtrè nwa afriken yo konsa, se pou yo te ka demoutre ke nwa a pi enferyè pase blan an. Nan fason sa a “lèdè moun nwa a yo, granmoun oswa timoun, fè blan an parèt pi bèl”. Pou moun oksidantal yo, blan an diferan de nwa paske: yo te konsidere blan yo pi bèl, yo te gen pi bèl fòm kò, yo te gen plis fòs moral ak entelektyèl, yo te gen plis jenerozite, yo te renmen fè jèfò. Blan yo te pran tèt yo pou moun sivilize, epi yo te konsidere nwa yo kòm moun ki sovaj epi ki pa sivilize. Men, ta sanble ke anpil moun nwa te vin tonbe dakò ak vye pòtrè sila yo, sa te ba yo anvi pou pou chache apwòche blan yo, kote yo tap tante voye jete pwòp koulè yo. Delporte fè nou konnen ke:

“Pi souvan, moun nwa yo dakò ke blan yo pi siperyè. Epi, yo ap chache imite yo. Men, yo toujou kopye blan yo trè mal. Se konsa, gen anpil nwa ki al eseye dekale po yo, tankou yo montre sa nan mond  burlesque la, nan yon piblisite yo afiche pou savon, ak klowòks pou fè lesiv” yon nwa di ak kè kontan ke savon Dirtoff me blanchit” (savon dirtoff fèm vin blan), tandike yon menajè kontan prezante Javel SDC yon pwodwi ki ka blanchi yon nwa (…) “(Delporte 2006, 81).

Vrèman vre, bò lane 1930 te gen yon ti chanjman ki te fèt nan fason yo te konn fè pòtrè moun nwa yo, men Delporte fè nou sonje ke sa pat kanpe la. Paske fason yo fè pòtrè Lafrik demoutre kòman vye estereyotip ke yo te konstwi pandan tan kolonizasyon an kontinye ap fè chimen l, menm nan moman konnye a. Lè nou gade nan piblisite yo fè pou pwodwi ki ka dekale po moun yo nap konprann kijan vye estereyotip sila yo kontribiye nan pouse moun al chanje koulè po yo. Nan menm lide sa a, Petit (2006) ak Bordeleau (2012) fè konnen ke piblisite yo kontribye anpil pou fè moun itilize pwodwi ki fèt pou chanje koulè po a. Epitou, Bordeleau (2012, 12) rapòte ke gen kèk non yo bay pwodwi yo pou fè moun kouri al achte yo, pa egzanp Sure White. San yo pa ekskli posiblite pou pwodwi sila dekale po moun, yo sèlman fè konnen pwodwi sila kapab retire tach, li ka fè po a vin gen yon sèl koulè, brèf, li ka fè moun vin bèl.

Lefèt ke yo pat konsidere epi yo te ekskli koulè nwa ak tout lòt karakteristik moun nwa genyen pou te defini moun ki bèl, sa fè anpil moun nwa te vin pran koulè blan ak lòt karateristik ke endistri bote Oksidantal yo defini kòm bèl yo pou referans. Kidonk, pou yo entegre moun nwa yo nan endistri sa a, yo ofri yo pwodwi ki ka amelyore aparans yo, sa vle di, pou yo chanje koulè yo. Fry (2005, 259) diskite ke ogmantasyon prezans moun nwa nan pwopagann piblisite te gen yon lyen avèk komèsyalizasyon byen ak sèvis ki te gen pou objektif amelyore aparans moun nwa yo. Obsèvasyon otè a mete aksan sou dinamik bagay negatif ki peze sou estetik moun nwa yo, li fè nou konprann ke piblisite jwe yon wòl enpòtan nan repwodiksyon estereyotip ki gen rapò ak koulè. Paske nan pwopagann piblisite pou pwodwi ki ka dekale po moun yo, yo moutre aklè pouvwa pwodwi sila yo genyen pou fè po moun nwa yo vin bèl. Nou pral montre sa nan yon pwopagann piblisite ke nou pral analize.

Nan sa ki gen pou wè ak sosyete ayisyèn nan, yon reklam ki te fèt pou yon savon ki rele savon Papay ap pèmèt nou wè kijan pwopagann piblisite yo kontribiye nan gaye prejije koulè, men se nan yon fason ki pa twò vizib:

“tout kote m pase, moun toujou ap mandem kijan po m fè bèl konsa? Sekrè a pa lòt ke Savon Papay. Savon papay fèt a baz yon asid ki sòti nan papay, ki rele papayin, li gen yon odè agrayab epi ki netwaye delikatman po m, pou l ban m yon ten pi klè. Mwen toujou kite kim nan fè 3 ak 5 minit  sou po m, pou m ka jwenn pibon rezilta. Nou menm tou, nou ka eseye l. Fè m konfyans gason kou fi, pou po nou toujou rete bèl! Solisyon an pa lòt ke savon papay. Savon Papay est le secret pour avoir une peau claire et belle ” (YouTube, 2015).

Pou vann yon pwodwi, moun kap fè pwopagann yo toujou ap chache kreye anvi lakay moun yo. Nan ka pwodwi pou dekale po yo, yo dwe fè konsomatè yo kwè ke pwodwi yo ka satisfè yon bezwen ke yo genyen. Konsta sila a sanble jistifye, se pa sèlman nan piblisite pou komèsyalizasyon Savon Papay la non, men tou, nan yon deskripsyon ki fèt sou bwat yon pwodwi pou moun chanje koulè po yo ki soti nan peyi lòt bò dlo,  “Crème  Clarifiante Carowhite” ke yo komèsyalize sou mache ayisyen an tou. Sou bwat la, nou li sa nou wè la a: krèm bote Carowhite la se yon fòmil ki rich ak B-karotèn epi ak vitamin A ak E pou l ka fè po w pi klè, pi soup epi pi swa. Yo etidye tout engredyan ki nan pwodwi sila, espesyalman pou l ka byen nouri epi pwoteje po a, epi pou li ka ba nou yon sansasyon de byennèt (tradiksyon fransè pou ayisyen).

Pwopagann piblisite sa yo toujou moutre pouvwa estetik pwodwi sa a yo genyen, an menm tan yo prezante yon modèl ideyal de koulè po (po klè). Epi, se koulè sila ke tout moun ta dwe genyen pou yo ka konsidere ke yo bèl. Sa a konfime yon afimasyon ke Emeriau (2009, 115) te ekri: “yo asosye po klè ak yon bote ki san parèy, yon bote ki klere”.

De (2) moun yo (yon fi ak yon gason) ki parèt nan piblisite yo fè pou savon Papay la gen po klè. Yo di ke yo rive gen yon bèl po, yon po klè gras ak savon Papay. Se poutèt sa yo fè yon apèl ak tout moun ki ta renmen vin bèl epi gen yon po klè, pou yo sèvi ak savon sila. Anplis de sa, yo ensiste sou pouvwa savon sila genyen pou chanje koulè po moun. Nan yon lòt bò, sou bwat krèm carowhite la, yo montre foto yon moun ki gen yon po klè, daprè deskripsyon ki fèt sou bwat pwodwi sila, yo asosye po klè avèk yon «sansasyon de byennèt».

Bordeleau (2012, 83) fè yon obsèvasyon nan sosyete Kanadyèn nan ki pa diferan, paske li montre ke endistri kosmetik yo, ki gen objektif fè lajan, yo pwofite de valè pozitif ke yo atribiye ak po klè a epi de valè negatif ke yo atribiye ak po nwa a pou ankouraje epi konvenk moun pou konsome pwodui sila yo. Epi yo fè konnen objektif pwodwi sila yo se sèlaman fè po moun bèl, oswa pou rezoud pwoblèm bote. Nan lòt mo, piblisite sila yo fè konnen ke gen pwodwi pou amelyore aparans moun ki gen po nwa yo.

Sanble ke an Ayiti, gen anpil sitwayen ki konsyan de kolaborasyon pwopagann piblisite yo nan ranfòsman anvi pou moun chanje koulè po yo. Le Nouvelliste (2012) apiye sou kritik kèk moun nan sosyete ayisyèn nan fè kont pwopagann piblisite pou pwodwi sila yo, pou l fè konnen ke «nou dwe denonse pwopgann piblisite ki ap bonbade moun ak yon seri imaj-modèl, ki etabli yon bote kanonik, ki makònen bote ak po klè». Le Nouvelliste (2012), te fè yon entèvyou ak yon travayè sosyal, ki rele Roosevelt Millard. Travayè sosyal sila deklare ke: «Moun sa yo, san mwen pa vle jistifye oswa kondane yo, yo akomode yo ak yon reyalite ki prezan (…)», li di konsa ke «fenomèn chanjman volontè koulè po a gen sous li nan fason pwopagann yo alyene mas pèp la». Nan menm atik 2012 sila, Julien Sainvil, ki se yon pwofesè sosyoloji, panse ke desizyon pou yon moun rive chanje koulè po l gen pou wè ak pwopagann piblisite kap fèt, kote yo ofri yon modèl ideyal bote. Se menm bagay ideyal sila yo ki vin ap domine moun yo.

Lè nou baze analiz nou fè yo, nou ka konsidere ke pwopagann piblisite yo pa gen yon efè dirèk sou pratik chanjman koulè po a, men li montre ki kalite estereyotip ki toujou ap domine nan sosyete sila. Aksyon ke moun nwa yo pou yo dekale po yo se yon fason yo itilize pou pran yon pozisyon nan sosyete a.

3. Moun kap itilize pwodwi pou chanje koulè po yo: yon defi pou sedwi moun

Bordeleau (2012) fè konnen antouraj sosyal (kote yon moun ap viv) – manm nan diferan gwoup sosyal – se youn kèk nan sous ki ka deklanche kay yon moun anvi pou l chanje koulè po l. Epitou, li di konsa ke gen moun ki ka chanje koulè yo paske yo tap imite lòt moun, gen dwa tou, sepaske kèk zanmi bay konsèy pou fè sa. Sa ka rive tou se mennaj yon moun ki mande l pou l fè sa, oubyen tou, yon moun ka deside fè sa pou l ka sedwi ak atire moun.

Pou nou ka founi je gade rezon ki esplike poukisa anpil moun nwa vle mete sante yo an danje pandan yap itilize pwodui kosmetik ak lòt mwayen pou yo ka chanje koulè yo an Ayiti, nou pral analize, nan pwen sila a, yon repòtaj[8] ki te fèt nan yon pwogram televizyon sou kesyon sila; anplis, n ap analize atik jounal[9] ki rapòte opinyon jounalis, dèrmatològ, pwofesè sou pwoblematik chanje koulè po a nan sosyete ayisyèn nan.

Konsènan repòtaj ki te fèt nan televizyon an, prezantatris la te entèvyouwe yon jenn fi ki te konn itilize pwodwi pou chanje koulè po li, avèk yon dèmatològ ayisyen. Jenn fi a te gen 20 lane nan moman entèvyou a, li di ke li te kòmanse itilize pwodwi sa yo depi lè li te gen 17 lane. Pou nou ka konprann sa ki te enfliyanse li ak motive li, nou transkri yon pati nan entèvyou sila:

Prezantatris la: Èske w gen yon moun ki te konn ankouraje w fè l? Èske se yon moun ki te ensite w fè l? Èske ou te gen yon zanmi w ki t ap fèl? Yon fanmi w? Kòman sa te kòmanse?

Jenn fi a: Wi, efektivman mwen te gen yon matant mwen ki te konn pase l (pwodwi pou chanje koulè), mwen te wè l bè l, epi lè m wè yon fi wouj, mwen wè li bèl, epi mwen fèl tou (…). Men lè m tap kòmanse fè l, mwen tap chache demwazèl.

Prezantatris la: Ou te vle parèt pi bèl, pi eklatant, pi atirant, pi chèlbè …?

Jenn fi a: Wi, mwen te vle pi bèl, pi ekstravagant (…). Paske a 17 an daj, mwen pot ko demwazèl, men mwen tap fòse demwazèl. Se matant mwen an ki te konn itilize pwodwi sila yo, epi mwen menm tou, mwen vin itilize yo. Paske mwen santi l bèl, mwen te vle bèl tou.

Malgre temwayaj demwazèl sila se yon opinyon nan mitan anpil lòt, li eksprime yon dimansyon sosyal enpòtan. Demwazèl sila te ale pi lwen pou l te di, “An Ayiti, gen yon tandans kote gason yo pito grimèl, yo twouve yo pi atiran epi pi bèl. Kidonk, nan tèt mwen, si yon fanm pa gen po klè, li pap atire gason” (On dit tou, YouTube 2017).

Nou rive konprann nan temwanyaj sila, ke fanm nwa a ta gen mwens valè pou sedwi moun, sa ka fè yo gen mwens opòtinite pou yon moun chwazi yo  pou fòme yon fwaye epi pou marye. Sa vle di, diskriminasyon ki afekte yo a ka petèt “rasyal” epi seksis. Sa tou ka konsidere kòm yon faktè ki rann li pi difisil pou yo entegre sosyalman.

Lide ke gason pito fanm ki gen po klè a sanble trè kòmen nan anpil sosyete ki te soufri kolonizasyon. Bordeleau (2012, 15) pran Hunter kòm referans, pou l ekri ke: “daprè yon kwayans popilè, gason nwa pito fanm blanch. Se konsa, anpil fanm nwa pou ka fè patnè yo plezi, yo al chanje koulè po yo”. Nan sans sa a, Emeriau (2009, 115) rapòte ke nan plizyè sosyete afrikèn, yo itilize po klè kòm yon referans pou konsidere yon moun bèl. M’bemba N’doumba (2004, 11), pa kite okenn dout ke kèk gason ankouraje madanm yo pou yo sèvi ak pwodwi pou chanje koulè po yo. Otè a ilistre sa gras ak yon temwayaj ke yon dèrmatològ fransè ki rele Eric David Aumjaud, ki se yon espesyalis nan kesyon po moun nwa nan vil Paris. Li di konsa: “anpil fanm nwa ki vin mande pou dekale po yo di ke se mari yo ki fòse yo pou yo fè sa, paske yo prefere fanm ki gen po klè”. Nan ka Ayiti a, Le Nouvelliste (2012) te fè yon entèvyou ak Dr. Yolène Bijoux, li fè konnen ke agiman ki fè kwè gason yo prefere fanm ki grimèl yo trè prezan nan jistifikasyon ke anpil fi bay pou eksplike motif ki fè yo ap chache dekale po yo.

Nou konstate ke demwazèl yo te entèvyouwe nan pwogram On dit tout a pat sèlman ap chache vin bèl, men tou li lèse kwè ke li tap chache gen yon aparans pou l te ka sedwi epi atire gason. Nan sans sa a, fè lòt moun wè ke l gen yon bèl po klè vin tounen yon mwayen ke l te itilize pou atenn objektif sila. Nan pwen sa a, yon analiz ke Emeriau te fè gras ak yon sondaj li te reyalize nan lavil Marseille, kote li te pale ak kèk fanm desandan afriken, parèt enteresan pou analiz nou an, li ekri: “gen yon bèl po klè se fè yo wè w”, “sa fè w byen parèt nan sosyete a”, sa fè moun rekonèt kòm yon moun “ki gen yon bèl bote, yon bote ki klere”. Konsa, se yon fason pou w egziste nan je lòt moun. Pou yo ka sedwi moun, fè moun wè yo,  fè yo gade yo, fè yo respekte yo epi pou kenbe yon ran sosyal wo, fanm yo prè pou yo depanse epi fè kredi (Emeriau, 2009, 115).

Malerezman nou pa gen ase done sou kesyon chanje koulè po a an Ayiti, ankò mwens, done sou karakteristik sosyal (kondisyon matrimonyal, orijin sosyal) moun ki lage kò yo nan pratik sila. Done ki te kapab pèmèt nou verifye si fanm nwa yo pa tap jwenn yon patnè si tout fwa yo te toujou rete «nwa». Anplis, èske sitiyasyon yo vin chanje aprè lè yo fin dekale po yo, sa vle di, èske lè po yo fin dekale yo jwenn yon patnè. Nan lòt mo, li ta nesesè tou, pou nou fouye zo nan kalalou, pou nou konnen èske chanjman koulè po a ede fanm yo jwenn yon patnè vrèman.

Men nou ka etabli kèk ti relasyon ant fanm nwa an Ayiti yo ak sila yo ki nan Lafrans ke  Dr Eric David pale de yo a. Nan ka jenn fanm ayisyen an, sanble se yon yon bon afè li t ap chache fè (yon bon mennaj) ki fè li tap chanje koulè l la:

Prezantatris la: Ou di ou bezwen vin pi bèl, gen yon po klè, èske ou te rankontre yon moun (yon gason, mennaj elatriye) ki te mande w pou pase pwodwi sa yo?

Jenn fanm nan: Se pa ekzateman yon moun ki te dim li ta renmen m koulè sa. Men mwen santi gason ayisyen yo plis atire pa moun ki rouj, yo twouve pi joli, pi bèl… (On dit tout, Youtube 2017).

Malgre ke jenn fanm lan di ke se pa okenn moun ki te mande l pou l te chanje koulè l, men nou pa ka di pa gen yon relasyon ant anvi  sedwi a ak pratik dekale po a nan sosyete ayisyèn nan. Paske, nan relasyon sosyal de sèks ki plase fanm yo nan esfè repwodiksyon an (fè pitit) sa enplike pou l fè yon bon zafè, poutèt sa li dwe mobilize yon kapital bote, sa vle di, li dwe atiran (gen yon bèl po klè). Tandiske pou gason yo, ki nan esfè pwodiktif la (touche salè pou okipe fanmi an), po klè a pou li, se yon fason pou l moutre li gen yon estati sosyal wo. Kòm Labelle (1987 [1978]) ak Jean-Pierre (2005) te fè nou wè a, gen yon po klè an Ayiti, vle di ke ou sitiye nan bawo ki pi wo nan nechèl sosyal la. Epi tou, sa vin pèmèt nou konprann ke, gen yon fanm grimèl tounen yon siy de ostantasyon nan yon sosyete kote majorite moun se nwa yo ye.

Le Nouvelliste (2014) entèvyouwe yon jounalis ayisyen, ki rele Gaspard Dorelien sou fenomèn sila, jounalis la kritike medya yo anpil, paske li estime yo kolabore nan fè pwomosyon pou yon modèl bote ki eskli moun nwa yo.  Li kore kritik sila, pandan l di ke nan emisyon yo difize sou chèn televivizyon yo, nou prèske pa janm remake prezans ewo nwa. Li kontinye pou l afime:

«Nou ap kopye modèl blan. Brad Pitt se yon bèl jenn gason (…), epi pou yon moun bèl, li dwe blond (blanch). Li eksplike ke: Pèmanant, grèf, chanje koulè po, tout antre nan yon dinamik pou alyene moun, pou ka pouse yo voye jete tout sa ki pou yo. Li kontinye pou l ajoute ke gen nwa ayisyen kap diskriminen lòt ayisyen parèy yo, paske koulè po yo pi fonse. Pou rezon sila, gen moun pou yo fè aksepte yo, pou yo ka evite tande vye mo tankou “Shaba, Kalibous, dyab baka”, epi ki pa genyen sipò sikolojik ki al dekale po yo”(Gaspard Dorelian te site pa Le Nouvelliste, 2014).

Anplis de kesyon bote a ki parèt nan analiz jounalis la, gen yon lòt dimansyon, ki se diskriminasyon ant ayisyen ak ayisyen. Sa moutre klè kou dlo kokoye ke gen yon relasyon ki egziste ant koulè po epi diskriminasyon. Sa vle di, tout tan yon moun pi nwa se tank li plis fasil poul soufri diskriminasyon. Pi wo a, nou te mansyone lefèt ke te gen yon yerachi klè nan sosyete kolonyal yo, ki te baze sou koulè po, ta sanble yerachi sila te vin natiralize nan mond lan, prensipalman nan ansyen koloni yo. Pasaj entèvyou sila a temwaye sa:

Prezantatris la: Ou vle di ke w  te pi nwa?

Jenn fanm nan: Wi, egzateman.

Prezantatris la: Ou pat renmen koulè sa a avan di tou?

Jenn fanm nan: Koulè nwa a?

Prezantatris la: wi.

Jenn fanm nan: Kòm se pa mwen ki te chwazi nwa a, mwen te fèt nwa, men…

Prezantatris la: Si w te ka chwazi…?

Jenn fanm nan: Mwen tap chwazi po klè a asireman (On dit tout , Youtube, 2017).

Baze sou eleman sa a yo, nou rive konprann ke nou lwen pou nou dekonstwi prejije ki etabli gran relasyon ant po klè, prestij sosyoekonomik epi ak bote nan sosyete yo jounen jodi a .

4. Kritik intelligentsia ayisyèn nan moman sa sou fenomèn chanje koulè po a: kesyon politik

Josué Vaval se yon sikològ epi pwofesè ke Le Nouvelliste (2012) te entèvyouwe sou kesyon chanjman koulè po a. Sikològ la deklare ke fenomèn sila trè konplèks, poutèt sa, li  merite pou yo fè bon jan rechèch sou li. Pou Josué Vaval, “konsiderasyon ki ta dwe fèt sou fenomèn sila, ta dwe konsidere pilzyè faktè: sikolojik, sikososyal epi istorik”. Li estime ke dekale po a se yon mannyè kèk moun itilize pou yo chache idantite ak sekirite: “chanjman koulè po a se yon efò ke anpil moun ap fè pou ka sanble ak moun nan sosyete ayisyèn nan ki pataje kilti kap domine a, epi pou ka ogmante chans pou jwi menm privilèj ak moun sila yo”. Nan kèk sans, afimasyon sikolèg la montre enpòtans analiz labellyèn nan, daprè l, posede yon po klè an Ayiti se yon senbòl siksè (ekonomik, sosyal, kiltirèl, elatriye) (Labelle, 1987 [1978]).

Julien Sainvil, pwofesè sosyoloji, bò kote pa l, mete aksan sou enpak kolonizasyon an, li di: “(…) depi sou tan lakoloni, yo te konn ap bonbade esklav ak afranchi yo avèk yon imaj-modèl; se poutèt sa, yo te konn ap eseye apwoche pi pre modèl yo te enpoze yo a. Nan modènite a, kote se klasifikasyon ki karakterize l, medya yo kontinye fè menm travay sila (prezante yon modèl ideyal ki se moun po klè)”. Pwofesè Sainvil fè remake ke “pwoblèm chanje koulè a se yon dènye etap” nan pwosesis alyenasyon an. Paske anpil moun kontinye ap sibi enfliyans moun kap domine yo; se sak fè yap chache kopye moun sila yo: “yo manje menm jan ak modèl la, yo abiye menm jan ak modèl la (…). Daprè pwofesè a, lefèt ke gen moun ki konsanti pou dekale po yo, sa moutre yon alyenasyon total ki chita plis nan klas moun ki pi pòv yo” (Sainvil site pa Le Nouvelliste, 2012).

Fòk nou di ke, sa fè anpil tan depi karakteristik moun nwa yo fè objè de diskriminasyon ak rejè. Plizyè otè ekri sou reyalite sila a. Jean Price-Mars, nan youn nan zèv li yo ki te pibliye nan lane (1928), te rele santiman meprizab ak deden ke elit pòs-kolonyal ayisyèn nan te genyen pou orijin afrikèn li, de bovarysme kcollectif, ki te chita sou yon santiman mepri pou pwòp kilti yo, pwòp valè yo, pandan ke elit sila te pasyone pou kilti ak valè Oksidantal yo. Pou te kontrekare bovarysme collectif sa a, Price-Mars te atire atansyon elit ayisyèn nan, pou l te fè yo konnen ke yo pa ni blan epi ni “fransè nwa” jan anpil nan yo kwè l la (1928, 9). Selon otè a, ayisyen yo ta dwe sispann bese ak refize tèt yo, pou yo te aksepte yo kòm ayisyen natif-natal epi asime orijin afrikèn yo. Nan sans sa a, li te propoze yon fòmil ki te vin trè popilè: “soyons nous-mêmes le plus complètement possible” (se pou nou sanble ak tèt nou delatèt o pye).  Anplis, nou dwe ajoute ke pandan diznevyèm syèk ayisyen an, mo nwa te gen yon konotasyon pejoratif: jeneralman, lè yo te konn trete yon moun de nwa se te yon jouman. Nan epòk sila a, “afriken” se te pi vye mo ke yon moun te ka di yon ayisyen, ki vle di, rele yon ayisyen “afriken” se te yon jouman, yon imilyasyon. Daprè agiman Price-Mars la, moun ki te pi byen plase nan sosyete ayisyèn nan tap pito sanbe avèk yon Eskimo, yon Samoyèd ou yon Toungouz olye yo ta dil li sanble ak yon Gineyen oubyen yon Soudanè (Pri Mas, 1928, 10).

Menm jan ak Price-Mars (1928), Fanon (2008, 40 [1952]) te fè yon obsèvasyon nan sosyete Matinik la, li fè konnen ke “gen matinikè ki te konn santi yo wont lè yo konfonn yo ak yon senegalè”. Price-Mars ak Fanon te obsève de (2) sosyete diferan, men ki te gen menm estigmat sosyal. Analiz 2 otè sa a yo pèmèt nou konprann kijan vye reprezantasyon ke yo te fè sou Lafrik ak sou afriken yo, pandan ak aprè kolonizasyon an, pwovoke lakay antiyè desandan afriken yo, yon sòt de degoutans ki fè yo anvi voye jete karakteristik ki gen rapò ak aparans afriken an. Nan sans sa a, chanjman koulè po ke anpil moun ap pratike sèjousi temwaye ke santiman de rejè sila a kontinye egziste.

Retounen sou rezon ki ka pouse yon moun dekale po li, Bordeleau (2012, 11) montre ke gen yon kokennchenn bagay ke nou ka konsidere. Baze sou yon pèspektiv Fanon an, konplèks enferyorite ak konplèks kolonize a se yon eleman  ki ka ede nou konprann fenomèn sila a. Paske nan yo moman nan listwa, nwa yo ta sanble vin aksepte prejije koulè ak rasyal ke blan yo te enplante a, kòm yon bagay ki nòmal, epi yo menm vin ap repwodwi sa san yo pa rann kont. Daprè Fanon (2008, 28 [1952]) gen 2 bagay ki responsab konplèksite sila a: 1) ekonomik; 2) entènalizasyon enferyorite sila a. Abòde santiman enferyorite ke nwa antiyè santi a, Fanon fè nou konprann ke yo pat responsab poutèt yo gen yon santiman konsa. Nan analiz li fè sou rasis nan peyi Afrik di Sid, li kritike Mannoni paske l te defann lide ke blan pòv nan Afrik di sid rayi moun nwa yo, paske ke “rasis se zèv ti komèsan ak ti kolon ki travay di anpil, men ki pa fè siksè”. Opoze ak afimasyon sila a, Fanon di ke yo se rasis paske estrikti sosyete Afrik di sid la se yon estrikti rasis, menm jan avèk estrikti sosyete ewopeyèn nan. Pou dekonstwi reyalite konplèks sila a, Fanon di ke moun nwa yo pa dwe rantre nan dilèm pou yo al blanchi kò yo  oswa pou yo disparèt tèt yo. Se poutèt sa, moun nwa yo dwe kapab pran konsyans, pou yo ka jwenn yon lòt fason pou yo viv. Nan sans sa a, otè antiyè a di ki objektif li genyen kòm yon sikyat epi kòm yon moun kap kritike sistèm rasis ke kolon yo de enplante a. Dapre li:

“(…) si sosyete a kreye difikilte pou moun nwa yo poutèt koulè po yo, si yo santi yon anvi enkonsyan pou yo ta chanje koulè po yo, objektif mwen se pa konseye yo pou yo pran distans ak sa; objektif mwen, okontrè, se  enfòme yo, ede yo, pou yo ka nivo yo pou chwazi fè aksyon ou rete pasif anfas vrè sous konfli a — ki se estrikti sosyal la”(Fanon [1952] 2008, 97-98).

Konsidere moun nwa kòm enferyè epi moun blan kòm siperyè se te zèv sosyete kolonyal la, sa te kite anpil move konsekans sou moun nwa yo. Fanon te konsyan de move konsekans sila yo, poutèt sa li santi yon obligasyon pou l te kontribiye pou l te ede moun nwa yo pran konsyans, jis pou yo te ka rive konprann kondisyon sosyal yo, epi tou, pou te ka konnen ke sistèm sa a pat toujou egziste konsa. Kidonk se konstwi yo konstwi l istorikman, se pou rezon sila ki fè li te kwè sistèm nan ka chanje.

Jodi a fè 66 lane depi Fanon te fè analiz sila a, men nou obsève jiskounouye, nan anpil peyi, moun ap itilize pwodwi pou chanje koulè po yo (Bordeleau, 2012). Nan sans sa a, gen rezon ki fè nou ka afime ke estrikti sosyal la rete ak tout karakteristik kolonyal li yo, sa ki lakòz yo toujou ap itilize karakteristik byolojik (pa egzanp: koulè po) pou yo di ki moun ki bèl, ki moun ki rich, ki moun ki “siperyè” epi kilès ki “enferyè”(Bonniol 1995, Jean-Pierre 2005, Tolentino 2014). Akòz enteryorizasyon estrikti sosyal rasis ak diskriminatwa sila a, moun yo gen tandans pou yo repwodwi lide ke depi w nwa, ou enferyè epi w lèd, elatriye.

Rezilta pwosesis enteryorizasyon sila a, se degoutans anpil moun nwa vin gen pou pwòp tèt yo. Emeriau (2009) ak kèk lòt moun ke Le Nouvelliste te entèvyouwe (Dr Yolène Bijou; jounalis Gaspard Dorelien, elatriye) pèmèt nou konprann ke moun ki dekale po yo, angaje yo nan yon egzèsis vyolan sou pwòp tèt yo, jis pou yo ka apwoche pi pre moun ki gen po klè yo. Sa nou konprann tou, lefèt ke gen anpil endistri ki vin ap fabrike pwodwi pou moun dekale po yo, sa vin jwe wòl enpòtan, se pa sèlman nan fabrikasyon pwodwi, men tou, nan simaye lide ke po klè se inik senbòl bote, nou byen montre sa nan analiz nou te fè sou piblisite pou vann pwodwi pou chanje koulè yo nan pwen pi wo yo. Anplis de sa, dekale po a se yon mwayen senbolik osinon vyolan pou repwodwi estrikti sosyal rasis epi diskrimitwa sila a. Depi nan lane 1952, Fanon te denonse egzistans endistri espesyalize nan fabrikasyon pwodwi  pou dekale po moun nwa nan peyi Etazini, li te ekri:

“Depi kèk tan, anpil laboratwa ap travay pou yo ka dekouvri yon seròm pou yo denwasi moun nwa yo; yon bann gwo laboratwa, laboratwa serye nan monn lan, tap rense tib egzamen yo, ajiste balans yo, epi kòmanse fè rechèch pou yo ka dekouvri pwodwi kap pèmèt yo blanchi moun nwa ki pa ka sipòte malediksyon kòporèl yo genyen an (koulè nwa a) “(Fanon [1952] 2008, 104-105).

Se pa jodi a ke fenomèn chanje koulè po volontè a egziste. Daprè Bordeleau (2012, 12), nouvote ki vin genyen nan sa, se lè yo te vin dekouvri engredyan ki rele hydroquinone (idokinòn) la soti lane 1960 pou rive 1970. Yo te vin itilize engredyan sila pou yo fabrike yon pil kalite pwodwi pou dekale po moun. Kòm konsekans, sa te vin ogmante konsomasyon pwodwi sila a yo nan anpil sosyete ki te soufri kolonizasyon. Petit (2007, 8) obsève ke yo te kòmanse fabrike pwodwi sila yo Ozetazini depi nan lane 1955, pou yo te voye nan peyi afriken anglofòn yo, ak nan Amerik di sid nan lane 1961. Selon otè a, pratik dekale po a te kòmanse Ozetazini depi an 1967.

5. Pwen de vi dèmatològ yo sou chanjman koulè po a an Ayiti: sa ki gen pou wè ak lasante

Atravè plizyè atik jounal, nou abòde kisa kèk dèrmatològ panse sou fenomèn dekale po a an Ayiti. Epi, nan sa ki gen pou wè ak pwodwi[10] yo vann pou chanje koulè po nan mache ayisyen an, jounal Le Nouvelliste rapòte konsta ke dèrmatològ Belinda Bijou te fè nan lane 2016. Dèmatològ la fè konnen ke gen pwodwi ki respekte ekzijans epi ki ranpli obligasyon ak kontwòl sanitè yo, men yo trè chè, moun ki pa gen bon mwayen finasye pa ka achte yo. Men tou, gen pwodwi ki trè move kalite, ki soti nan lòt peyi, ki fabrike nan laboratwa ilegal epi ki pa respekte okenn prensip sanitè. Daprè dèmatològ la, idrokinòn, mèki, kortizòn, ki se engredyan ke yo dwe  itilize pa ti kras, epi sou sipèvizyon medikal, yo itilize yo an gran kantite nan pwodwi sila yo. Anplis de sa, dòz yo itilize nan pwodwi sila yo pi fò pase sa lalwa otorize, epi li pi fò tou pase sa kominote medikal la rekòmande. Dr. Belinda Bijou enimere kèk pwoblèm sante ke pwodwi sa yo ka lakòz: “yon seri boul rouj ap leve sou po a; akne; enfeksyon po; folikilit bakteryèn; anpil bouton nan rasin cheve yo; fè moun paka gade solèy la; pwodwi yo detwi po a; kortizon nan fè plim pouse sou lèv ak nan figi moun ki itilize pwodwi sa a yo; li fè po a vin sèk epi li frajil; li fè moun nan vin sanble granmoun aje “(Le Nouvelliste, 2016b).

Se pa sèlman pwodwi kosmetik moun pase sou po yo, sa vle di, moun yo itilize lòt teknik ak lòt metòd pou dekale po yo. Selon Dr. Belinda Bijou, gen kèk moun ki fè melanj trè danjere ak klowòks epi pèmanant pou dekale po yo (Le Nouvelliste, 2016 b). Nan yon atik ke Le Nouvelliste te pibliye nan lane 2014, yon doktè ayisyen, ki rele Valérie Dougé Robert te fè konnen ke gen moun ki melanje plizyè krèm pou dekale po yo. Li te ale pi lwen pou l te di, anvi chanje koulè  pi rapid fè moun yo melaje plizyè krèm ansam ak pèmanant epi ak grenn tètrasiklin.

Dermatològ yo, gras ak konesans yo genyen nan branch medikal sila, yo konnen gwo pwoblèm sante pratik sila ka lakòz. Yo denonse yo pou yo ka alète epi atire atansyon, pa sèlman moun kap itilize pwodwi sila yo, men tou, tout popilasyon ayisyèn nan pou yo ka konnen danje ki genyen nan dekale  po a. Malgre dèmatològ yo ensite sou kijan pwodwi sa yo danjere, malgre kritik sevè yo fè kont pratik sila a, pwodwi sila yo ap vale tèren sou mache ayisyen an. Daprè Le Nouvelliste, an Ayiti, pwodwi sa a yo vann nan mache fòmèl la (boutik kosmetik, famasi) men yo vann yo tou nan mache enfòmèl la (moun kap promenen). Vann pwodwi sila yo reprezante yon sous revni pou anpil moun nan peyi Dayiti:

“Pou nou byen konprann pwa ekonomik fenomèn sila a, li pa sifi pou nou gade sèlman kijan yo ekspoze pwodwi sa a yo nan makèt, nan famasi ak nan boutik. Men li enpòtan pou nou founi je gade sak ap pase nan mache piblik yo, sou twotwa oswa nan lari yo. Si nou pran komin Delmas, Port-au-Prince ak Pétion-Ville kòm echantiyon, nou tap rann nou kont ke gen anpil machann ki ap vann nan: Kivèt, bourèt, bak, laye. Epi yap vann divès kalite pwodwi: savon, krèm, pèmanant, elatriye. Si tout moun sa a yo angaje yo nan vann pwodwi sila yo, tou senpleman se paske gen yon Feedback ki pozitif, sa vle di gen anpil demann,  epi tou gen moun ki fè kòb nan sa. Nan kèk mo, lavi anpil fanmi repoze sou komès sila. Sa vle di, nou ka kwè, si mache sa a ta fè fayit, gen anpil moun ki pral lage de bra pandye. Sa se yon reyalite nan sosyete a” (Le Nouvelliste, 2016 a).

Lè nou baze sou pasaj sa a ke Le Nouvelliste (2016 a) rapòte a, nou pa gen dout sou egzistans demann pou kalite pwodwi sila yo. Konsènan kwasans mache sa a nan lemonn antye, Nguimbus (2013, 42) rapòte ke mache sila a te kòmanse devlope nan monn lan depi plis pase 20 lane, malgre jefò ki fèt pou fè yo pa vann pwodwi sila a yo, mache a kontinye ap elaji. Pou sa ki gen relasyon ak itilizasyon pwodwi sila yo, Dr. Yolène Bijoux di: “Nou pa ka reprimande pratik la. Mwen kwè ke edikasyon pi enpòtan pase represyon, paske sa anglobe yon mache tout antye” (Le Nouvelliste, 2012). Pou bò kote pa l, dèmatològ ke yo te entèvyouve nan pwogram On dit tout sou chèn Telévision Pacific la, konseye moun yo pou yo pa itilize pwodwi sila a yo. Li deklare:

“Nou dwe konsyantize moun yo, pou yo ka konprann ki danje ki gen nan pratik sa a (…) akòz kòtizòn ki nan pwodwi yo, moun yo ka fè maladi dyabèt, anplis lè w blanchi melanin nan, sa ka bay kansè nan po (…). Mwen pa wè ki rezon ki ta genyen pou yon moun ta al chache gen yon kansè po, yon dyabèt, paske l vle vin grimèl. Petèt  yon moun ka di doktè a pa plase pou l ap di sa l ap di yo, epi si doktè a te nwa, li pa tap pale konsa. Men mwen avize nou pou nou ka pran swen sante nou”.

Devan faktè nou sot mansyone ki ka pouse yon moun al dekale po l, ta sanble ke diskou ki mete aksan sou aspè nefas pwodwi sa yo, menm si yo ta tante estigmatize pratikan yo, li pap rive bay gran rezilta. Yon fenomèn osi konplèks tankou chanje koulè po volontè a, pou l ta rezoud, li mande pou nou byen konprann rezon ki dèyè pratik moun kap sèvi ak pwodwi sa yo. Nan sans sa a, yon travay apwofondi ki melanje divès esfè nan sosyete a (edikasyonèl, relijye, kiltirèl, politik, medikal, elatriye) tap vrèman enpòtan. Paske diskou estigmatizant doktè yo, pafwa ki chache reprimande moun kap itilize pwodwi pou chanje koulè po yo, an reyalite, pa ase pou konbat pratik sila a. Se poutèt rezon sa a, ki fè nou dakò avèk Emeriau, lè l konkli ke “chanje koulè po a se pa sèlman yon pratik kòporèl, men se yon reyalite byo-kiltirèl ki rantre nan yon lojik imajinè ak senbolik popilasyon kap chanje koulè po yo a. Nan lojik sa a, chanje koulè po a vle di: fè “po a vin nèf”, retire premye kouch po ki pote  estigmatizasyon ki gen rapò ak koulè “nwa a”. Sa vle di, debarase kò a de premye po a, pou l bay plas la ak yon lòt po tou nèf, ki pa gen pwa senbolik diskriminatwa a ankò, men ki montre bote “natirèl” yon moun” (2009, 115).

Konklizyon

Lè nou analize apwòch plizyè moun ke Le Nouvelliste (2012, 2014, 2016 a, 2016 b) tande; repòtaj ki te fèt nan pwogram On dit tout a sou chèn Télévision Pacific la, sou fenomèn chanje koulè po a an Ayiti, ansanm avèk pwopagann piblisite yo fè pou vann pwodwi pou chanje koulè pò a, epi lè nou konfwonte yo ak travay kèk otè pibliye ki abòde pwoblematik bote, prejije koulè, rasis, ak fenomèn chanjman koulè po a, nou rive konprann ke fenomèn sa a vrèman konplèks nan sosyete ayisyèn nan. Pakonsekan, sa mande yon envestigasyon ki plis apwofondi pou ka konprann fenomèn sila a nan tout dimansyon l.

Nan yon bò, opinyon demwazèl 20 lane a, ke yo te entèvyouwe nan pwogram On dit tout a; pwopagann pibiblisitè yo fè pou vann pwodwi pou moun chanje koulè yo; estereyotip  ak prejije negatif ke yo konstwi istorikman sou koulè nwa a (lèd, enferyè, sal) epi tou prejije ak estereyotip pozitif (bote, san tach, pwòpte,elatriye) ki bati sou koulè blan an, nou ka di yo tout kolabore anpil pou alimante anvi kay moun nwa pou chanje koulè po yo. Nan yon lòt bò, otè yo ke nou mobilize nan travay sa a, tankou: Delporte (2006) Tolentino (2014), Fanon (2008), Labelle (1987) Bordeleau (2012) pèmèt nou konprann ke chanjman koulè po a gen rapò ak yon tip de rasis estriktirèl ki kontinye ap fè chimen l nan sosyete aktyèl yo.

Wont ke kèk moun nwa santi pou koulè po yo ta sanble anrasinen nan listwa depi lè yo te fin etabli sistèm esklavaj la nan kontinan Ameriken an. Nan ka sosyete ayisyèn nan, Price-Mars (1928) pèmèt nou konprann depi aprè endepandans Dayiti a, te gen ayisyen ki te santi yo wont pou orijin afrikèn yo genyen an. Price-Mars te plenyen paske tout bagay (koulè po, lang, relijyon, koutim, kwayans elatriye) ki te gen orijin sa a te vin sispèk epi yo te vin  gen move gou pou elit ayisyèn nan, paske elit sila a te tonbe damou pou kilti oksidantal la. Nan premye mwatye ventyèm syèk la, Price-Mars (1928), Stephen Alexis (1933) ak kèk lòt pansè ayisyen te kontribye, ak yon gwo kantite pwodiksyon syantifik pou te ka ede ayisyen ak ayisyèn yo pran konsyans epi valorize kontribisyon afrikèn yo nan kilti ayisyèn nan. Epi rekonèt enfliyans sa yo kòm pati fondamantal epi prensipal pou fòmasyon yon idantite ayisyèn. Daprè otè sa yo, rekonesans bagay sila yo se sèl chimen ki ka pèmèt nou simonte konfli entèn ant nwa ak milat (yo te konsidere premye kòm enferyè parapò a dezyèm lan). Fenomèn chanjman koulè po nan sosyete ayisyèn nan, jounen jodi a, parèt kòm kontinyite bann pwoblèm konplèks sa a yo.

An jeneral, lè nou konsidere apwòch ke plizyè otè fè (Labelle, 1987); Fanon, 2008 [1952]; Price-Mars, 1928, Bonniol, 1995, 2017; Delporte, 2006; Tolentino, 2014; Jean-Pierre, 2005, Hurbon, Hector, 2008), epi lè nou obsève fenomèn sila a, nou ka afime de (2) bagay. Nan yon bò, akòz de pase kolonyal la, sosyete ayisyèn sanble ante, paske mak ke sistèm esklavajis la te kite yo toujou prezan nan relasyon sosyal yo an Ayiti, epi yo ranfòse  vye estereyotip negatif sou koulè nwa a. Nan lòt bò a, nou ka di ke konstriksyon yon modèl bote ki baze sou yon seri karakteristik kòporèl, ke yo chwazi nan yon fason abitrè odetriman de lòt karakteristik kòporèl, fè anpil moun nwa santi yon santiman oswa yon sansasyon ke yo pa bèl, yo lèd elatriye. Pou goumen kont santiman enferyorite estetik sa a, anpil moun tante chanje koulè po yo.

Tip de relasyon ke ayisyen yo etabli ant yo chita sou yon lojik istorik diskriminatwa. Sa bay kòm rezilta chanje koulè po, ki parèt kòm yon otodiskriminasyon. Menm jan jounalis Gaspard Dorélien ke Le Nouvelliste (2014) site te fè konnen : “pou yo fè moun aksepte yo, pou evite tande vye pawòl ofansif tankou ‘Shaba, Kalibous, dyab baka’ ayisyen ki pa aksepte tèt yo, ki pa gen okenn sipò sikolojik oblije dekale po yo”. Youn nan konklizyon nou ka tire nan afimasyon sila, sè ke pou evite lòt moun diskriminen yo, moun sa a yo diskriminen pwòp tèt yo, retire premye kouch po nwa, ke yo konsidere kòm responsab estigmatizasyon sosyal ke yap soufri a.

Èske pwodui kosmetik pou moun chanje koulè po yo ap pèmèt moun nwa yo gen byennèt? Èske sosyete a ap rive wè moun sa yo tankou moun ki gen po klè? Pakonsekan, nou bezwen yon travay de baz ki entegre divès chan sosyal tankou: edikasyon, relijyon, kilti, politik, medisin, ekonomi, elatriye, pou  ka mete yon fen ak (re)pwodiksyon estrikti sosyal diskriminatwa epi rasis sila a.

Referans bibliyografik

Alexis S., (1933). Le nègre masqué. Port-au-Prince, Fardin.

Bispo C., (2006). « Black is beautiful : o discurso sobre a África na antiguidade clássica ». Revista do Departamento de História do Colégio Pedro II, 75-85.

Bonniol J.L., (1995). « Beauté et Couleur de Peau ». Persée, 60, 185-204.

Bonniol J.L., (2007). « Racialisation ? Le cas de la colorisation coloniale des rapports sociaux ». Faire savoirs, Sciences humaines et sociales en région PACA, 6, 37-46.

Bordeleau L., (2012). Le blanchiment de l’apparence : enjeux identitaires et pratiques corporelles dans un contexte contemporain. Étude chez des femmes d’origine haïtienne de Montréal. Mémoire de Maîtrise. Université Laval Québec.

Delporte C., (2006). L’imaginaire Colonial. L’Afrique et les Africains dans l’image de l’entre-deux-Guerres In : Image et politique en France au XXe siècle. Paris, Nouveau Monde Éd.

Denis L., Duvalier F., (1948). Problème des classes à travers l’histoire d’Haïti: sociologie politique, Port-Au-Prince, Imprimerie de l’État.

Dorlin E., (2009, 1ère ed. 2006). La matrice de la race : Généalogie sexuelle et coloniale de la Nation française. Paris, Éd. La Découverte, coll. Textes à l’appui/Genre et Sexualité.

Emeriau C., (2009). « S’éclaircir pour faire « peau neuve » ? », Corps, 2/7, 111-116. DOI 10.3917/corp.007.0111

Etienne, J.F (2003) Histoire d’Haïti. Biblioteca Haïtienne des Pères du Saint-Esprit.

Fanon F., (2008 [1952]). Pele negra máscaras brancas. Salvador, EDUFBA.

Firmin A., (1885). De L’égalité des races humaines. Paris, Librairie Cotillon.

Fry P., (2005). A persistência da raça : ensaios antropológicos sobre o Brasil e a África austral. Civilização Brasileira, Rio de Janeiro.

Hurbon L., Hector M., (2008). Genèse de l’Etat haïtien (1804-1859). Éditions de la maison sciences de l’homme.

Jean-Pierre J.R., (2005). La révolution anti-esclavagiste et anticolonialiste de Saint-Domingue, 1789-1804.

Labelle M., (1987 [1978]). Idéologie de Couleur et Classes Sociales en Haïti. Montréal, Les Presses de l’Université de Montréal.

M’bemba-Ndoumba G., (2004). Ces noirs qui se blanchissent la peau : la pratique du maquillage chez les Congolais. Paris, L’Harmattan.

Memmi A., (1993). O Racismo. Tradução Natércia Pacheco e Manuela Terrraseca. Editorial Caminho, AS, Lisboa.

Naudier D., Soriano É., Guillaumin C. (2010). « La race, le sexe et les vertus de l’analogie », Cahiers du Genre, 1/48,193-214. DOI 10.3917/cdge.048.0193.

Nguimbus B., (2013). L’émergence de la dépigmentation volontaire et du défrisage à Nantes. Thèse de doctorat. Université de Nantes, Faculté de Pharmacie.

Petit A., (2007). La dimension addictive de la dépigmentation volontaire. Mémoire de Maîtrise. Paris, Université Paris 13.

Petit A., (2012). «  La dépigmentation volontaire : tours et détours de la honte  », Champ psy, 62, 153-164. DOI 10.3917/cpsy.062.0153

Price H., (1898). De la Réhabilitation de la Race Noire par la République d’Haïti. Les Editions Fardin.

Price-Mars J., (1928). Ainsi parla l’oncle : essais d’ethnographie. New-York, Parapsychology foundation, Inc.

Tolentino H.D., (2014 [1984]). Origine du préjugé racial aux Amériques. Colección Bohio.

Referans medyatik yo

LE NOUVELLISTE (2012). Changer de couleur: rêve à risque: Changer la couleur de sa peau est devenu la mode. Médecins, psychologues, travailleurs sociaux et sociologues s’en inquiètent. Pourquoi ? Disponib sou : http://lenouvelliste. com/lenouvelliste/article/106211/Changer-de-couleur-reve-a-risque.html Dènye konsiltasyon: 14/04/2018

LE NOUVELLISTE (2014), «  S’éclaircir la peau, peu importe le prix ». Disponib sou : http:// lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/128447/Seclaircir-la-peau-peu-importe-leprix.html Dènye konsiltasyon: 14/04/2018

LE NOUVELLISTE (2016a). Changement de la couleur de peau en Haïti : Complexe, colorisme ou valeur ajoutée? Disponib sou: http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/157721/ Changement-de-la-couleur-de-peau-en-Haiti-Complexe-colorisme-ou-valeurajoutee Dènye konsiltasyon: 14/04/2018

Le NOUVELLISTE (2016b). « Les produits blanchissants pour la peau : Des résultats pas toujours clairs  » Disponib sou : http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/ article/154885/Les-produits-blanchissants-pour-la-peau-Des-resultats-pastoujours-clairs Dènye konsiltasyon: 24/12/2017

YOUTUBE (19 de fev de 2015). Sekrè Ayisyen Savon Papaye Haiti Commercial : https ://www.youtube.com/watch?v=vx4N-8z-HIs Dènye konsiltasyon: 03/01/2018

YOUTUBE (18 mars 2017) Moun kap douko yo ki vlé vini grimel men denjé ki gin lan sa”. Disponib sou : https ://www.youtube.com/watch?v=-1lLuh33Nps Dènye konsiltasyon: 12/2/2017

[1] Kèk nan tèm yo itilize pou pale de pratik sila: Dépigmentation Volontaire de la peau (DV) (Dekale po volontè/ chanje koulè po) (M’bemba-Ndoumba, 2004). Pou bò pal, Bordeleau (2012) itilize konsèp blanchiment et de dépigmentation (chanje koulè po; dekale po) pou pale de fenomèn sila. Anplis, chak peyi kote pratik sa egziste, yo rele l yon fason, pa egzanp, nan peyi Kongo li rele Maquillage, nan peyi Senegal li rele Xessal, nan peyi Kamewoun li rele Décapage, nan peyi Nijè yo rele l Dorot, nan peyi oksidantal yo, yo rele l dépigmentation volontaire -DV (Bonniol, 1995; M’bemba-Ndoumba, 2004, p.13-15 ; Petit, 2012 ; Nguimbus, 2013). Nan literati sou kesyon medsin nan peyi anglosaksòn yo pale de lightening, bleaching (Petit, 2007, p. 7).

[2] Atik sa a make kòmansman yon refleksyon sou fenomèn chanje koulè po nan peyi Dayiti. Men nou pwopoze fè plis rechèch toujou pou nou ka byen konprann fenomèn sila a.

[3] Dapre Labelle (1987 [1978]), nan estrikti sosyal ayisyen, istorikman yo te toujou konsidere nwa kòm enferyè, epi milat kòm siperyè.

[4] Zile Sendomeng (jodi a pataje ant Repiblik Dominikèn ak Repiblik Ayiti a) te “dekouvri” pa Christophee Colomb nan lane 1492. Premye kolon panyòl yo ki te rive sou zile a, te ba l non Ispanyola, ki vle di “ti Espay”, paske li te gen yon peyizay ki te sanble ak sa ki te gen an Espay. Pliske objektif kolon yo se te piye richès (metal presye tankou lò) padan premye peryòd nan istwa zile a, yo te mete popilasyon natif natal la nan esklavaj. Nan mwens pase yon syèk, tout moun sila yo te fin mouri akòz travay fòse. Pita, sitou nan lane 1697, pa mwayen trete Ryswick la, ki te siyen nan peyi Lawoland, Espay te bay Lafrans pati lwès nan zile a, ki te vin pote non Sendomeng. Non saa se te kolon fransè yo ki te bay li (Etienne, 2003)

[5] Tout sitasyon ki nan tèks sa a se otè a ki tradwi yo. Li pran yo nan lang fransè  li mete yon nan lang ayisyen. Sèlman entèvyou ak yon pwopagann piblisite ki te fèt nan lang ayisyen, nan ka sa a, se sèlman transkri otè a transkri yo.

[6] Pami lidè sa yo, nou ka site gason vayan tankou: Toussaint Louverture, Dutty Boukman, Jean Jacques Dessalines, intelligentsia ayisyen nan diznevyèm syèk la (Louis Joseph Janvier, Antenor Firmin, Hannibal Price elatriye), ak pansè endijenis ayisyen yo diran ventyèm syèk la Jean Price-Mars, Stephen Alexis, Jacques Roumain, etc.).

[7] Pwopagand sa pibliye sou Youtube (19 de fev de 2015) sou tit sa a: Sekrè Ayisyen Savon Papaye Haiti Commercial : https://www.youtube.com/watch?v=vx4N-8z-HIs Dernye fwa nou te konsilte l 03/01/2018.

[8] Repòtaj ke nou analize a dire 43 minit ak 35 segonn. Li te pase nan yon pwogram televizyon ki rele On dit tout, se Madanm Ange Bellie Andou ki te prezantel sou chèn televizyon Pasific, yon chèn televizyon ayisyen. Tit videyo a se “moun kap douko kò yo ki vle vin blan  men danje ki gen nan sa”. Li te pibliye sou Youtube nan dat ki te 18 mas 2017 sou lyen sa a: https: //www.youtube.com/gade?v=-1lLuh33Nps Denye konsiltasyon sou 12/2/2017.

[9] Pou atik jounal yo, nou privilejye atik ki te pibliye nan jounal Le Nouvelliste sou sijè sila Paske Le Nouvelliste se youn nan jounal ki okipe yon gwo plas nan medya ekri an Ayiti, epi tou, li te pibliye plizyè atik abòde pwoblèm chanjman koulè po a.

[10] kèk nan pwodwi ki pi popilè yo: Lemovate, Prima, Idole, 7 miracles, Tropiklè, Jèm Sida, savon papay, etc. selon Le Nouvelliste (2014), « S’éclaircir la peau, peu importe le prix ». Disponib sou : http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/128447/Seclaircir-la-peau-peu-importe-le-prix.html Voir Le Nouvelliste, 2016. « Les produits blanchissants pour la peau : Des résultats pas toujours clairs ». Disponib sou: http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/154885/Les-produits-blanchissants-pour-la-peau-Desresultats-pas-toujours-clairs Dènye konsiltasyon le 24/12/2017.